Dram Kap-Ayisyen: Plis pase 40 moun disparèt nan yon bato ki tap kite Okap pou ale Pwovo

632
2
Share:
TRiboLAND


07 – 18 – 2024

Kap – Ayisyen, Ayiti _____( TRiboLAND) Plis pase 40 moun disparèt nan yon bato ki tap fè yon vwayaj klandesten apati Okap pou ale Pwovo maten jedi 18 jiyè 2024 la, daprè responsab maren yo nan Okap, bato a pran dife nan moman maren yo tap fè yon seremoni ekspedisyon, pandan yap limen chandèl yon doum gaz ki te sou bato a pran dife.

Nan bato a te gen anviwon 80 moun, 7 nan yo boule grav e y’ap pran swen nan lopital Justinien nan vil Okap; yo jwenn yon 30èn vivan jiskaprezan e y’ap chèche rès yo tankou chyen fou.

Bato a ki te anbake nan zòn Fò Sen Michel, pran dife Fòlibète nan moman yo te kanpe pou fè ekspedisyon an. Jis konnya responsab ONM yo nan depatman Nò peyia poko an mezi pou bay yon bilan definitif.

Ayisyen nan tout peyia pa sispann pèdi lavi yo nan fè vwayaj klandesten pou sove kite Ayiti pou al bouske lavi nan lòt peyi nan chèche pi bon kondisyon pou yo viv.

Share:

2 comments

  1. Janessa Patajo 3 March, 2025 at 05:30 Reply

    Great post. I was checking continuously this blog and I’m impressed! Extremely helpful information specially the last part 🙂 I care for such info a lot. I was looking for this certain info for a very long time. Thank you and best of luck.

Leave a reply