Rezolisyon Konfli Tè nan Fòlibète: Yon Egzanp Solidarite ak Apèl pou plis estrateji jidisyè

261
0
Share:
TRiboLAND

02/21/2026

Fòlibète, Ayiti_____(RiboLAND) Konfli tèryen pa sispann divize divès popilasyon nan depatman Nòdès peyi a. Konsa, jounen vandredi 20 fevriye 2026 la, Dwayen tribinal premye enstans Fòlibète a, Louicius Brenord te vizite yon teren ki an konfli ant fanmiy Antoine Jean Baptiste ak Emanuel Nelson nan zòn Lagon Fagal. Yon konfli ki deja okazyone vyolans, bouch mare ak machwè gonfle, e ki mete plizyè group moun dozado.

Selon Dwayen Louicius Brenord ki te pran wout laprès lokal, vizit sa te reyalize an prezans tou 2 Pati yo ak avoka yo san konte moun nan lokalite a ki vle dosye sa fini pou lapè tabli nan zòn nan. Se yo bèl egzanp solidarite ak trankilite piblik pou konfli tèryen pa kontinye ap lage diskòd ak vyolans nan divès kominote atravè peyi Dayiti.

Anpil kritik swete wè, otorite jisdisyè yo, itilize plis estrateji, konpromi ak mwayen ki konvenab pou fasilite rezolisyon konfli fas ak pwoblèm fonsyè yo kap ravaje patikilyèman nan zòn rekile yo.

Share:

Leave a reply