Otorite legliz katolik Tigwav yo anonse yon seri aktivite nan kad selebrasyon fèt Notre Dame 15 out la

1112
0
Share:
TRiboLAND

07 – 17 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Otorite yo nan legliz katolik Tigwav anonse tout yon seri aktivite pou selebre fèt Notre Dame 15 out pou ane 2024 la.

7 jou Jeriko, 9 jou nevèn, kloti legliz katolik la ki te kraze plat nan pasaj tranbleman tè 12 janvier 2010 pase a, se kèk pami aktivite otorite yo nan legliz la anonse nan okazyon selebrasyon fèt Notre Dame L’Ascension nan vil Tigwav.

Reveran pè prensipal legliz katolik Tigwav la, Boniface Senat pa sispan’n lanse apèl bay otorite yo nan leta a, pou rezoud fenomèn ensekirite a nan peyi a, pou fasilite popilasyon sikile e vake ak okipasyon yo.

Selon pè Boniface, se atravè sekirite kap pèmèt dyaspora a, moun kap viv Pòtoprens ak lòt kote yo, vin patisipe, paske dapwè li, se patisipasyon moun sa yo kap fè bote fèt la.

Nap fè remake, reveran pè Boniface Senat fè seri anons sa yo, nan moman li tap selebre yon mès nan week-end dimanch ki sot pase a.

Share:

Leave a reply