Nan kad dosye 3 timoun kite mouri nan otèl sou plaj Sousa Pich la, paran timoun yo kritike jij Rosalvo Louis kòm raketè.

06 – 05 – 2024
Bono, Ayiti___(TRiboLAND) Paran 3 timoun kite mouri anndan yon machin nan otèl plaj Sousa Pich, 5èm seksyon Bono nan komin Senlwidinò mwa pase a, denonse konpòtman jij Rosalvo Louis ke yo akize ki manje lajan pou fè fineray timoun sa yo jiskoulya kap glase nan mòg.
Selon paran viktim yo, timoun sa yo paka antere akoz konplisite jij Rosalvo kite fè konsta a depi menm jou 3 timoun yo te mouri a. Yo kontinye pou yo mande mèt otèl la ki se Eddy, neve majistra Gaston Estimab pou pran responsabilite li pou bay paran ti inosan yo jistis.
Men pou Jij Rosalvo Louis, fanmiy viktim yo mande pou li reveye konsyans li pou libere fanmiy 3 timoun sa yo. Eske se pwopwietè otèl la kap fè mètdam? Sepandan, kèk sous ta lonje dwàt sou jij Rosalvo Louis ki ta fè konplo pou chovi yo pa jwenn jistis.






