Lig Foutbòl Jan Rabèl la anonse yap fè 3 jounen fòmasyon pou abit yo

209
0
Share:
TRiboLAND

05-29-2024

Jan Rabèl, Ayiti _______(TRiboLAND) Vakans d’ete ap pwente, anpil aktivite espòtiv deja lanse nan depatman Nòdwès la, nan kad preparasyon chanpyona vakans Lig Foutbòl Jan Rabèl la ki gen nan tèt li Sant-Ange Frantzy, ap òganize 3 jounen nen fòmasyon gratis pou abit yo soti 30 me pou rive 2 jen 2024.

Tout jèn ki ta renmen pran fòmasyon pou abit kapab pase nan Sekretarya Lig la pou enskri, fòmasyon an ak kòpanse soti 9è nan maten pou rive 4è nan aprè midi. Se Lig la gen responsablite pou peye ak ebèje fòmatè yo, men tout patisipan ak mache ak lajan nan pòch yo pou manje.

Yon patisipan ki ta renmen jwenn yon sètifika pou fòmasyon an, lap bay yon frè 650 Goud ki pa obligatwa. Daprè responsab Lig Foutbòl Jan Rabèl, yo pran inisyativ sa nan lide pou pèmèt abit yo fè konesans ak lwa jwèt la. Responsab yo mande pou tout moun nan komin lan mete ansanm ak Lig la pou inive Foutbòl la.

Share:

Leave a reply