Dràm nan Mache Bòdmè Pòdpè a, yon nèg bourèt touye yon bòs recho

249
0
Share:
TRiboLAND


05 – 27 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Aprè yon diskisyon ant yon chofè bourèt ak yon bòs recho nan Mache Bòdmè ki trouve-l nan vil Pòdpè, jounen lendi 27 me 2024 la, chofè bourèt la ponyade bòs recho a, epi met van nan vwèl li.

Pasan ak renmen wè, te kapab obsève malere bòs recho a ki tap benyen nan san-l. Nap raple nan moman deblozaj la, divès machann ki te nan zòn lan oblije kouri aprè krim lan.

Jounen lendi sa, kadav fè klenklen nan site Kapwa Lamò a. Sòti Boden rive Anba Lavil, anviwon 8 moun mouri, daprè dènye bilan yo.

Share:

Leave a reply