Flash / Flash : Lapolis nan vil Pòdpè touye anviwon 4 moun byen bonè maten 27 me 2024 la.

05 – 27 – 2024
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Pou pi piti Lapolis nan vil Pòdpè vide atè 4 moun byen bonè maten lendi 27 me 2024 la, pami yo John Bobby.

Enfòmasyon korespondan TRiboLAND yo rive jwenn bò kote kèk sitwayen nan vil la ta fè kwè ke, ajan PNH yo touye yon moun nan zòn Dèyè Lafabrik, yonn nan ri Twagras, yonn nan zòn Ti Chèl ak yon lòt nan zòn Anba lavil.
Nan moman nap pale la, nou pako ka bay twòp detay sou lanmò 4 endividi sa yo, men sepandan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND okouran depi plizyè mwa ke lapolis nan vil Pòdpè pap jwe sou gachèt yo.






