Yon mès aksyon degras chante nan katedral Tigwav la, yon fason pou make Yon mès aksyon de gras chante nan katedral Tigwav la, yon fason pou make 221èm anivèsè drapo ayisyen an. ayisyen an.

342
1
Share:
TRiboLAND

05 – 18 – 2024

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon mès chante nan katedral Tigwav la, anba direktiv reveran pè Boniface Senat. Seremoni ki fè nan kad selebwasyon drapo ayisyen an, te solisite prezans divès pèsonalite etatik pami yo, majistra enterimè meri Tigwav la, Jean Bertrand Subrème, komisè polis la, Pierre Bellamy Samdi, enspektè polis Aldoph Francillon, direktè Sapè ponpye Tigwav la, Bernard Jean, enspektè BDS Leyogan Louis Frantz Baptista, direktè DGI Ciracus Jean Louis ak kèk manm nan popilasyon an.

Nan okazyon 221èm anivèsè drapo a, pè Boniface Senat, nan omeli sikonstans lan, te mete aksan sou enpòtans drapo a, li fè konnen nou dwe renmen drapo a, drapo a, se senbòl nou, se kè nou, se fyète nou kòm pèp vanyan nwa devan zye imanite.

Yon lòt kote, reveran pè Boniface Senat pwofite denonse ensekirite jeneralize li di ki genyen nan peyi a, ki lakoz otorite santral yo pa kapab al selebre fèt drapo a ofisyèlman nan komin Akayè; li denonse egalman absans patriyotik bò lakay popilasyon Tigwavyèn nan, akòz yo pat vin patisipe nan mès ki tap fèt pou make 221èm anivèsè bikolò ayisyen an.

Share:

1 comment

  1. Vicente Sterkenburg 28 January, 2025 at 02:12 Reply

    It’s perfect time to make some plans for the future and it’s time to be happy. I have read this post and if I could I desire to suggest you few interesting things or advice. Perhaps you could write next articles referring to this article. I desire to read even more things about it!

Leave a reply