Direksyon depatmantal Ministè Edikasyon Nòdwès onore 3 ansenyan.

Share:
TRiboLAND

Aktivite sa òganize nan okazyon jounen ki dedye pou ansenyan yo.

05 – 18 -2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Responsab yo nan Direksyon depatmantal Edikasyon Nòdwès onore 3 ansenyan jounen vandredi 17 me 2024 la, nan okazyon jounen ansenyan yo. Augustaves Louis St Lira, Antoine Marie Alberte Yelva ak Clarinette Dalmace se non 3 ansenyan ki onore nan yon ak aktivite ki òganize nan Lise Tertullien Guilbaud a.

3 ansenyan sa yo ki gen yon long karyè nan domèn ansèyman, te pyafe ak lajwà. Pou Madam Maria ki gen 37 lane depi lap ansenye, se ak fyète li resevwa yon plak donè nan gran jou sa. Li konseye tout moun kap ansenye pou yo renmen sa yap fè a, kiltive pasyans ak lanmou pou ti moun yo ki se maten demen.

Malgre difikilte ki genyen nan ansènyeman, Mèt St Lira kap anseye depi 23 lane konseye kòlèg anseyan yo pou ede timoun yo avèk tout yo menm. Se vre avèk pwoblèm peyia ap konnen ki fè anpil timoun se kò yo ki la, men lespri yo se nan lòt peyi, kanmenm fè efò pou kenbe timoun yo nan bon chemen.

Pou Madam Dalmacé, se avèk lapenn lap gade kijan Edikasyon ap degringole nan peyia. Li menm kap anseye depi 23 lane kontinye ap travay ak lanmou. Se yon metye ki pa gen valè, men fyète yo se lanmoun elèv yo pataje ak yo chak fwa yo rankontre yo nan lari.

Share:

Leave a reply