DCPJ remèt bay otorite Dominikèn yo yon lis pou rale mennen vini tout evade prizon ki ta fofile kò yo nan peyi vwazen aprè senaryo gang Viv Ansanm yo.

350
0
Share:
TRiboLAND

04 – 21 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon dokiman ki genyen anviwon 59 paj ki adrese ak Leta peyi Repiblik Dominikèn, direksyon Santral Polis jidisyè a (DCPJ), mande pou yo mete men nan pat kasav tout prizonye ki te sove nan penitansye ak kwadèboukè ki ta gen tandans al kache kò yo nan peyi vwazen e trennen yo bak Ayiti.

Pou evite kou rate, Direksyon Santral Polis Jidisyè voye atravè dokiman sila, non, prenon ak foto chak grenn prizonye ki deja chape poul yo.

N’ ap raplew, se nan menm senaryo sa a, 2 pi gwo prezime asasen Jovenel Moïse yo, Dimitri Hérard ak Jean Lagel Civil, san konte yonn nan pi gwo chèf kidnapin Clifford Brant, al kache kò yo nan zòn vilaj de Dye ak Izo 5 segonn.

Share:

Leave a reply