Òganizasyon “Nou Vle Viv”, poze pwoblèm ensekirite a kap taye banda nan 2èm seksyon kominal Wozo, Fon Kochon.

252
0
Share:
trIBOland

12 -16 – 2023

Wozo, Fon Kochon____Ayiti (TRiboLAND) Jenn gason sa yo, ki se manm òganizasyon “Nou Vle Viv” ki entèvni nan mikro TRiboLAND, denonse yon group nèg ak zam ki se alye, chèf gang Micanor sou Waf Jeremi kap bay panik. Peyizan yo deklare se ma swife y’ap moute nan 2èm seksyon kominal Fon Kochon, ki nan komin Wozo.

Manm òganizasyon “Nou Vle Viv” yo fè konen atoufè san fwa ni lwa sila yo, ki ame jouk nan dan, arive vyole fanm ak tifi, volè zannimo peyizan yo, rantre lakay sitwayen ak sitwayènn pezib yo, pwan tout sa yo posede.

Daprè temwayaj, manm òganizasyon sila, Kazèk lan nan 2èm seksyon kominal Fon Kochon an, parèt enpwisan parapò ak aksyon malonèt gang ame yo,nan sans sa,a . “Nou Vle Viv” mande otorite konsène rann fonksyonèl anex tribinal lan, ak mete yon sou komisarya nan zonn lan, yon fason pou kwape bandi yo.

Share:

Leave a reply