Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan komin Tigwav, Mèt Jules Romilus mande leta ayisyen pran oserye masak Lasalin

11-15-2023
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Sekretè jeneral Vizyon Ayisyèn dwa moun nan, nan komin Tigwav (VHDH), Mèt Romilus Jules nan entèvyou li akòde ak la près madi 13 novanm 2023 a, mande leta ayisyen pou pran anchaj viktim masak Lasalin 13 novanm 2018 la.

Selon responsab dwa moun nan, Mèt JULES Romilus, 13 novanm 2018—-13 novanm 2023, sa fè pratikman 5 lane depi bandi ame sou konplisite kèk otorite ayisyen, te masakre, boule kay sitwayèn ak sitwayen yo anba dife, touye, boule 71 kretyen vivan epi pote ale tout sa yo te posede.
Mèt Romilus JULES deklare genyen divès sektè notamman òganizasyon dwa moun nan nivo nasyonal ak entènasyonal, ki pa sispann denonse gwo zak kriminèl sa a, mande otorite tankou lapolis ak lajistis pou fè limyè blayi antanke 2 enstitisyon ki la pou mete lòd nan sosyete a epi trennen devan lajistis tout moun ki enplike pwe ou lwen nan dosye masak sila a.
Defansè dwa moun nan fè konnen, li sezi wè 5 lane aprè, tout kriminèl yo toujou ap mache lib e libè san kè sote nan sosyete a, kote yo toujou nan move zafè ak gwoup gang yo.






