ATIDESH reyalize yon defile Motosiklèt nan vil Tigwav.

08 – 15 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Asosyansyon pou Devlopman Sekirite Dayiti (ATIDESH) reyalize yon defile motosiklèt nan divès ri andedan vil Tigwav maten jedi 15 dawout 2024 la, nan okazyon selebrasyon fèt Notre Dame Tigwav.
Selon responsab yo nan ATIDESH, aktivite defile motosiklèt sa a, reyalize nan lide pou make selebrasyon fèt Notre Dame de l’Ascention epi montre egzistans yo nan kad travay yap fè nan Popilasyon tigwavyèn nan. Dirijan ATIDESH yo te pwofite prezante kèk aksyon yo poze nan kominote a tankou: yo bay 58 moto akredi, yo kreye yon mityèl solidarite, asirans pou chofè moto yo, auto – parts ak apwi eskolè elatriye…..
Toutfwa, ATIDESH pwofite lanse apèl bay PM Gary Conille pou fè tout sa ki nan pouvwa li, pou rezoud pwoblèm ensekirite a, yo kwè se ensekirite ki lakòz dyaspora yo pa kapab antre vin fete Notre Dame ak fanmiy yo.






