Katedràl Senlwi nan vil Jeremi, patwimwan kiltirèl e relijyez, abandone.

359
0
Share:
TRiboLAND

08- 09-2023

Jeremi, Ayiti-(TRiboLAND) 2 zan aprè pasaj tranbleman 14 dawout 2021 an, Leta ayisyen ak tout Vatikan pa fè anyen pou reabilite, lokal katedral la nan Jeremi.

Tandiske 24, 25 dawout 2023 kap vini la a, kretyen ou fidèl legliz katolik romèn yo, pwal fete Sen patwon yo, Sen Lwi Wa Defrans ki nan vil Jeremi.

Pèleren, manm legliz katolik yo mande ansanm konsène yo, pou pwan an konsiderasyon yon parèy pwoblèm ou anbarasman. Selebwasyon fèt Sen Lwi Wa Defrans, genyen yon pòte istorik, kiltirèl, e relijyez ke ansanm otorite yo pa dwe neglije.

Share:

Leave a reply