Lapolis pouse ak gaz lakrimojèn do plizyè santènn sitwayen ki te okipe perimèt anbasad ameriken an akoz vyolans gang.

215
0
Share:
TRiboLAND

07-25-2023

Taba, Ayiti____(TRiboLAND) Rezidan viktim zak vyolans Taba yo ki te anvayi perimèt anbasad amerikèn nan, jwenn kontrent bò kote fòs lòd yo pou yo rache manyòkyo  bay Boulva 15 oktòb la blanch.

Apwè ke yo pase yon latriye peripesi anba gwoup gang sangwen “Kraze Baryè”, malere sa yo ki t’ap dòmi devan anbasad amerikèn nan depi dimanch, akize Ameriken kòm antite ki responsab efondreman peyi a. Yo estime ke se ameriken ki dèyè mouvman gang anndan peyi a. Se yo kap founi gang yo zam sanrete; alòske Ayiti pa fè zam.

Yon lòt kote, plizyè nan refijye yo deklare ke se sekirite ke yo ap chèche, paske se nan zònn nan yo rete. “Si anbasad la pat konplis, yo pa tap janm tolere aktivite gang yo nan zònn Taba, ki toupre anbasad amerikèn nan”, dapwè youn nan refijye yo ki tap depoze bay lapwès, jodi madi 25 jiyè 2023 a.

Antouka, lapolis pouse do refijye yo ak kout zam lakrimojèn; alòske plizyè moun ta pran gaz, pami yo ti chovi ki tap trese anba sekous malmakak gaz la. Yon konpòtman, ki soulve endinyasyon sitwayen yo, ki pat ditou jwen oken otorite sangwen ki mande yo sa yo pote vinn vann.

Lè nou ale nan eleksyon, ameriken pran yon malen plezi pou yo enpoze pwezidan wòwòt e vwayou pwograme ki pou fè travay sal ak destabilizasyon pou enperyalis kriminèl la, ki mete pye sou kou ayisyen depi plizyè syèk; e menm detèmine pou disparèt Ayiti. “Alòske, genyen lòt peyi serye ki detèmine pou mete fwen nan soufwans pèp ayisyen anba grif ameriken”, se refleksyon kèk sitwayen viktim nan mikwo lapwès.

Larisi ak Lachinn, se pami yon seri pwisans etranjè ki deside trete ayisyen tankou moun; e menm deside ede yo sòti anba krif kolon kriminèl enperyalis ameriken an ki fini ak sosyete ayisyènn nan. “Nou pa fout bezwen viza, nou pa bezwen manje, nou senpleman bezwen tikal sekirite, pou nou retounen lakay nou; se yo ki mèt gang yo, dapwè yon dam ki te fè pati gwoup refijye pèsekite yo.

Enel Richard, Pòtopwens

Share:

Leave a reply