Fanm Pòdpè an Aksyon (FPA), yon gwoupman ki kreye pou ranmase eskanp figi vil Pòdpè.

666

07-25-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan yon rankont kat sou tab ki òganize sou plas Dam Pòdpè a, jounen madi 25 jiyè 2023 a, fanm yo nan vil Pòdpè ak sa yo k ap viv lòt bò dlo, ap bouje e bay dèyè yo 2 tap. Yo mete sou pye yon gwoupman ki pote non “Fanm Pòdpè an Aksyon”, nan lide pou leve eskanp figi vil la, kap patoje nan lawont ak ensousyant dirijan sanwont yo.

Nan moman rankont lan, medam yo anonse yon latriye pwojè pami yo, pwojè pou ranmase fatra nan vil la, ak chanje eskanp figi vil la nan zafè aktivite kiltirèl, dekorasyon, sitou nan moman fèt patwonal yo, ki toujou selebre nan fatra ak malsite anba boul je otorite yo.

Òganizasyon Fanm Pòdpè, ki deja reyini yon latriye fanm k ap viv nan divès vil nan peyi Dayiti ak lòt bò dlo, lanse yon aktivite netwayaj pou demen jedi kap vini la, epi vandredi se pral sòti ofisyèl yo sou plas Dam Pòdpè a; yo gwo sòlòkòtò pou enpoze ofisyèlman pwezans yo nan jerans komin Pòdpè.

Comments are closed.