Lapolis nasyonal fè yon gro kout filè nan depatman Latibonit lan

262
0
Share:
TRiboLAND

Pou pipiti yon bandi bwè dlo bouch li, yon lòt blese, yon fo zam sezi, se bilan operasyon ajan PNH yo nan vil Gonayiv.

07-02-2023

Gonayiv, Ayiti____(TRiboLAND) Pou pipiti yon bandi kraze kite sa,yon lòt blese, yon fo zam sezi, se bilan miskle operasyon ajan PNH yo, nan zòn Byennak 8 ak Gwo-twou, jounen dimanch 2 jiyè 2023 a.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, endividi ki blese a, se Jean Louis Basnel, e li ta fè pati yon gwoup gang k’ap rache separe nan lokalite Byennak, kote nan moman operasyon an, lapolis arive rekipere yon fo zam kalib 9 mm anba grif gwo koure a.

Yon lòt bò, responsab PNH yo pa founi okenn detay sou idantite bandi ki tonbe a, sepandan dapwè enfòmasyon ki fyàb, operasyon sa a, rive posib gras ak jefò popilasyon an, ki founi enfòmasyon ak ajan PNH yo, pou kraze gwoup gang sila, ki espesyalize yo nan brakaj zam sou abitan yo nan Site Lendepandans lan.

Nan moman nap pale a, prezime bandi ki blese a, ap pran swen medikal sou kabann lopital.

Share:

Leave a reply