Lapolis fouke akolit youn nan gro chèf gang sangwen ki rele “Ti Lapli”

304
0
Share:
TRiboLAND

04-20-2023

Potoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Jude Forestal, se non yon gro bwa dwàt chèf gang sangwen Renel Destinat alyas “Ti Lapli”, ki pran nan nas lapolis, jodi jedi 20 avril 2023 na Pòtoprens.

Fòs lòd yo arive fouke sangwen Jude, toupre Chandmas nan kapital la, abò yon Toyota RAV4 koulè vèt kon poro, ak yon plak ki imatrikile AA:46027.

Bwa dwàt Ti Lapli a, ki pa sispan mete dèy nan je popilasyon ayisyèn nan, jwen arestasyon li nan moman li tap kandale desann pou antre sou katye Belè, daprè yon sous polisyè.

Share:

Leave a reply