Lapolis ak lajistis fè yon gwo kout filè nan okazyon jounen entènasyonal lit peyizan yo.

255
0
Share:
TRiboLAND

04-18-2023

Serge, ensikoni mare kou krab, yon zam kreyòl sezi, se bilan arestasyon komisè gouvènman Elder Guillaume, nan tèt kole ak lapolis sou tè ti peyizan yo nan Papay.

Ench, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon vizit kèk manm “Mouvman Peyizan Papay” te rann sou Fèm Papay la, nan okazyon jounen entènasyonal lit peyizan yo jounen lendi 17 avril 2023 a, komisè gouvènman Elder Guillaume prosede ak arestasyon bandi notwa ki rele Serge nan komin Ench.

Nan lide pou konbat asasen kriminèl BSAP yo ki mare sosis yo ak vòlò PHTK yo pou touye peyizan yo, otorite lokal yo fouke Serge e yo arive sezi yon zam kreyòl san konte divès lòt lo materyèl.

Mouvman peyizan Papaye di yap akonpanye peyizan yo nan batay yap mennen pou tè agrikòl ki rele yo chè mèt chè mètrès, paske tè agrikòl se pou peyizan kap travay latè.

Share:

Leave a reply