Delegue depatmantal Nòdwès la fè konnen yo fè anpil bwas pou rezoud ensekirite sou wout Tibwadòm nan, men yo pako jwenn solisyon.

247
0
Share:
TRiboLAND

02-21-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li bay laprès, Delegue depatmantal Nòdwès la, Mesye Sony Dordoille, soulinye depatman lap jere a, ansèkle ak yon gang puisan ki, chita kòl nan lokalite Tibwadòm.

Pou delegue depatmantal la, Tibwadòm se yon zòn ki sou depatman Latibonit, malerezman se moun Nòdwès ki toujou viktim.

Konsa, chak jou ki jou, gwoup gang sila, ap miltipliye efektif yo ak kantite minisyon yo, sa ki vin rann motosiklèt ak machin pa epanye, san konte kantite vyòl ki fèt sou divès jèn fanm ak machann.

Delegue depatmantal la fè konnen, yo deja fè yon pleyad demach bò kote gouvènman moun tèt san cheve yo (PHTK), pou wè nan ki mezi yo kapab jwenn yon solisyon apwopriye, malerezman solisyon yo pa pou demen.

Pwomèt lap toujou kontinye ak yon seri demach, Sony Dordoille fè konnen li pa nòmal pou yon moun ap sòti Pòtoprens pou’l gen tout enkyetid sa yo pou’l rantre nan Nòdwès.

Pwomèt yon taks fòs nan jou kap vini la yo, Delege depatmantal branch Nòdwès la, fè konnen yo deja an pou pale ak lapolis/lajistis nan Latibonit pou wè nan ki mezi yo kapab solisyone yon parèy problèm.

Share:

Leave a reply