Nòdwès : Gang Erick kidnape yon sitwayen nan Lakwa Sen Jozèf

235
0
Share:
TRiboLAND

07-25-2022

Lakwa Sen Jozèf, Ayiti____(TRiboLAND) Group gang Erick Prospère kap opere nan Lakwa Sen Josèf depi yon bon bout tan, rive kidnape yon sitwayen pèzib nan zòn nan. Morange Cadot, se non sitwayen ki kidnape a.

Daprè enfo ki rive jwenn TRiboLAND, Morange tap fè yon konstriksyon nan zòn ki pa twò lwen pak kote yo mete zannimo yo, plizyè moun nan gang lan, pami yo Erick rive sou li, rale zam epi ale ak li.

Ravisè yo mande 50 000 dola Ameriken pou lage Morange Cadot. Depi aprè nouvèl sa, moun Lakwa ap viv anba gwo enkyetid paske yo santi nivo ensekirite a vin twòp pou yo.

Share:

Leave a reply