Yon chofè FSTTNO mouri sibitman devan yon boutik nan Senlwidinò

234
0
Share:
TRiboLAND

07-06-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Chofè sendikalis tap-tap Senlwidinò, Marcelin mouri sibitman byen bonè maten an nan Senlwidinò nan moman li te apenn debake pasajè ki te soti Pòdpè yo nan galèt Larivyè Ba a.

Marcelin ki se yon sendikalis aktiv nan Nòdwès peyi a; li tap asire trajè Pòdepè – Senlwidinò sou yon pickup ki rele “Pè Toma”. Li mouri sibitman aprè yon vant fè mal kòde ki pat pran anpil tan pou chavire li devan yon boutik nan galèt la, daprè rapòtè TRiboLAND ki te sou plas.

Konsta legal yo ki te asire anba kout plim Jij Ederne Lubin ki te remèt kò san vi Marcelin bay reprezantan FSTTNO nan Senlwidinò pou swit mòtyè yo.

Share:

Leave a reply