Batay “gang ak gang” lakoz yon boubout chèf gang sangwen Ti Lapli jwen lanmò

293
0
Share:
TRiboLAND

03/13/2022

Kafou, Pòtopwens_____(TRiboLAND) Jwèt la make san nan gwo katchou boumbe ki mete fas afas gwoup gang sangwen Tibwà ak Gran Ravin ki genyen nan tèt li Ti Lapli ki soti pou kase pari ak moun Kafou ke li akize kòm reselè ki nan konfyolo ak sitirèz ak yon ekip bandi Tibwà ki genyen nan tèt yo “Krisla” ki ta konplis nan asasinay yè samdi 12 mas 2022 a Lèlène, boubout kòmandan Ti Lapli.

Rumè va evyen san konte videyo kap paweze sou rezo sosyàl yo ta montre kò yon jèn nègès san vi kap benyen nan san li demi toutouni, krible anba bal 2 pye devan. Selon eleman odib videyo a, yon seri vwà tap relate : “nou touye madanm Ti Lapli” e “se nou ki fè koze isit”.

Depi kèk tan popilasyon Kafou a ap viv anba gwo tansyon e ta sanble yo oblije dòmi yon je ouvè yon manyè pou pa ki te bandi sangwen etabli baz yo nan lizyè ki rele sitwàyen yo chèmèt chè mètrès. Gwo kout zam pa sispan chante pandan plizyè jou nan kanton an; group bandi ame Tibwà ak Gran Ravin ap twoke kòn yo san pran souf, e yon parèy latèrè mete plat atè pirèd sikilasyon ou aksè pou antre nan kapital la.

Share:

Leave a reply