Bandi sangwen kidnape yon jèn koup nan Montagne Noire

206
0
Share:
TRiboLAND

10/31/2021

Petyonvil______(TRiboLAND) Yon samdi 30 oktòb konstènasyon avèkt tèrè pou plizyè famiy nan kapital la yè, zak kidnapping, fiziyàd sou gwoup moun lakay Mè Boudon yo se pami agoni popilasyon an koutinye ap viv anba gwoup gang sangwen yo ki ta sanble voye yon sinyàl klè apwè chanjman nan tèt Direksyon PNH la ak adrès nasyonal Pwemye minis Ariel Henry an.

Nan menm lanwit samdi 30 oktòb la, yon sous otorize fè eta de yon gwoup bandi sangwen ki kidnape yon jènn koup, Keda ak Delbert Alphonse Israel nan Montagne Noire, yon banlye nan komin Petyonvil ki ta sanble deja tonbe anba kontwòl bandi yo.

Alòske nan ri Kapwa anndan kapital la yèswà, sangwen yo fè yon lòt fiziyàd sou pasan malere 2 bwà balanse. Plizyè pezib sitwàyen blese gravman grav e te oblije transpòte lopital an ijans.

Share:

Leave a reply