Agwonòm Charité Louis di li estomake fas ak rapò CNSA la ki fè eta menas ensekirite alimantè sou vil Pòdpè

06/20/2021
Pòdpè______(TRiboLAND) Nan yon chita tande ke li te genyen avèk Radyo Marconi FM – TRiboLAND, Agwonòm depatmantal Nòdwès la, Charité Louis voye jete rapò Coordination Nationale de la Sécurité Alimentaire (CNSA) ki ta fè eta vil Pòdpè pami zòn ki pi menase anba ensekirite alimantè ki afekte plis pase 46% nan popilasyon ayisyèn nan.
Agwonòm Louis rabat pou li di ke li toujou fè rapò CNSA konfyans, sepandan genyen yon seri endikatè ki ta merite revizite yon fason pou ran kont de yon seri endis. Pou li menm, “Yon parèy enfòmasyon, ki pibliye sou journal anliyn, Juno7, konplètman “FO”.
Pòdpè, selon mesye Louis, gras a Bondye pase yon sezon ivè ki pa pi mal ke sa konparativman ak 3 a 4 dènye ane ki pase yo, kote ke sechrès ki tap taye banda te okazyone anpil pèt, ratman ak pwivasyon anpil pwodwi agrikòl. Kontrèman pou ane sa, ou ta senpleman voye yon kout je nan mache yo nan vil Pòdpè epiwap wè ki kantite volim manje ki pwodwi ane a. Se yon seri rezilta ki trè ankourajan e ki egalman materialize gras ak entèvansyon gouvènman Jovenel Moise la te fè nan perimèt irige yo tankou nan zòn: Polen Lakòn, Andwo, Obè, Ti Fon ak Basen Ble. “Nou pa di popilasyon an alèz, men yo pa nan famin jan yo vle fè konpran nan, se yon seri endikatè ak paramèt ki ta dwe revize”, dapwè agwonòm Charite Louis.
Toujou sou rapò CNSA a, gen anpil kritik ki fè eta de yon ti gwoup moun kap eseye konplote pou fè bè yo nan chèche èd sou non Nòdwès nan objektif pou fè fòtin nan fè maskarad distribisyon ak ONG ti koupon manje bay 2 ou 3 gwoup moun nan popilasyon, pandan yo ap anpoche gwo magogo lajan ki disponib pou zòn sa yo.
Gen lòt moun ki tou pwofite denonse yon seri ONG nan Ba Nòdwès ki pa reyèlman vle kontribye nan fè pwomosyon djanm pou pwodiksyon agwikòl la. Yo lonje dwàt jouda sou yon seri antite ONG kap fè yon seri manèv nan pwefere distribye 2 ou 3 grenn dola bay peyizan yo olye mete yon seri strikti ou fwaye – kominote agwikòl ki djanm e ki kapab kore pwodiksyon nasyonal la. Yon pran yon abitid sistematik distribye yon ti tchotcho nan men peyizan an yon fason pou li pa enterese travay latè.
Yon lòt gwoup ale pi lwen lè yo kesyone yon parèy atitid sou menas ensekirite alimantè a sou vil Pòdpè. Eske se pa yon pwetèks ènmi kolon an ap chèche pou arive distribye manje sentetik ou OGM (Organismes Génétiquement Modifiés) ban nou, ki pi devan pwàl demantle nou ak kansè ou maladi tout kalite, se deklarasyon Milot, yon plantè Ba Nòdwès ki tap egalman ekspwime satisfaksyon li ak rekòt “pwa beseba” a pou sezon an?






