Krim sou krim nan Pòdpè: 2 moun mouri tèt koupe ra gagann

169
0
Share:
TRiboLAND

01/04/21

Pòdpè_____(TRiboLAND) Jodi 4 janvye 2021 an, anviron 1è nan aprè midi, popilasyon nan Mòn Kayo asiste yon espektak kè kase, kote 2 moun arive mouri tèt koupe aprè yon altekasyon familyàl ant ma tant ak neve ki lakòz yo tou 2 pèdi lavi yo nan moman bouch louvwi sa a.

Viktim yo ki se St Anne Pierre Louis ou Madan Jacklin ak ti Willy; Tantin ak neve daprè sa TRiboLAND arive rekeyi. Williy ki se yon kawoutchoumann ki se neve St Anne Pierre Louis, Madan Jacklin, te nan diskisyon avèk matant li ki pat vle prete’l lajan, daprè Jij Paul Blanc ki deklare ke li bouke fè konsta yon pakèt krim orib kap miltipliye nan depatman Nòdwès la nan jou sa yo.

Antouka, popilasyon Mòn Kayo ki estomake pou asasina Madan Jacklin an oblije pase alenfinitif Willy ke konsta legal yo revele yo jwenn li lapide ak kout wòch e manchèt.

Konsa, laperèz ak sezisman ap taye banda nan Ba Nòwès kote ke krim yo ap miltipliye ala segonn; abitan yo di jamè nan oken moman pase yo, menm nan dòmi yo pat konn wè koulè krim sa yo. Yo mande kibò sa ap rive.

Sa pa gen lontan, nan finisman semen pase a, yon fanmiy disparèt prèske nan menm sikonstans lan; dràm sou dràm yon nouvo chapit kap sekwe zòn ki gen plis povrete a nan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply