Yon Dominikèn ak yon ayisyen jwen arestasyon nan Petyonvil

408

05/21/2021

Petyonvil______(TRiboLAND) Arestasyon yon dominikèn ak yon ayisyen ki enplike nan yon konfli familyàl lòt bò fontyè kote mari fanm panyòl la te alame sou disparisyon madanm nan ak 2 timoun.

Enfòmasyon yo ta sanble fè eta de yon relasyon bouboutaj ant dominikèn nan ak ayisyen an ki ta fasilite yo antre nan ale viv anndan peyi Dayiti.

Antouka, polisye ayisyen ki abouti ak arestasyon mesyedàm yo jedi 20 me 2021 nan yon otel nan Delma 32. Sa genyen plizyè semèn ke papa ti moun yo ki te alame te depoze plent “disparisyon” bò kote otorite dominikèn yo.

Konsène yo, kenbe angadavu nan komisarya Petyonvil la pou swit legal e genyen anpil posiblite pou responsab dominikèn yo voye yon elikoptè pou relokalize madanm dominikèn nan ak 2 timoun yo.

Comments are closed.