Kòdonatè kazèk 1è seksyon Ba Sentàn komin Ansa-folè a, dekri yon tablo problematik seksyon l’ap dirije a

172
0
Share:

10\11\20

Ba Sentàn, Ansa-folè ____(TRiboLAND)  Nan yon entèvyou nan mikro korespondan TRiboLAND, kòdonatè kazèk 1è seksyon Ba Sentàn nan, Msye Guillaume Saintilaire, prezante bay lapwès tablo pwoblematik de seksyon kominal l’ap dirije a.

Guillaume Saintilaire, kòdonatè kazèk Ba Sentàn



Dapwè Saintilaire, seksyon l’ap dirije ap monte yon maswife tankou: pwoblèm enfwastrikti woutyè, pwoblèm sant sante, pwoblèm dlo pòtab, ensekirite ak pwoblèm idantifikasyon poun site sa yo sèlman.

Si nan yon eta demokratik, dwa idantifikasyon se yonn nan eleman ki karakterize yon eta de dwa, kòdonatè kazèk la estime peyizan l yo viktim de yon swadizan eta de dwa akòz majorite timoun, jèn, granmoun yo pa gen aksè ak ak-denesans vwa yon kat idantifikasyon nasyonal.

Kazèk la sinyale, pou yon moun rive fè yon kat idantifikasyon nasyonal, li oblije kite lakay li depi 3h- 4h nan matin e yo soti tout kote tankou: dipon, lanwa, domawo, elatriye… Pou pakouri divès kilomèt pou ale nan bouk Ansafolè.

Pou fini, Guillaume Saintilaire mande ak Prezidan repiblik la, fè yon mannyè pou plase yon ofisye eta sivil nan chak seksyon kominal yo pou alèje sò peyizan yo nan zafè ak-denesans. Konsa, li raple Prezidan repiblik la, Msye Jovenel Moise pwomès 731 mil goud fon komino yo, ak fo pwomès konstriksyon biwo pou lojeman kazèk yo, ki jis ka prezan won bè won ti sale.

Hyppolite Genson gensonhyppolite8@gmail.com

Share:

Leave a reply