Polisye USGPN gagoule asasine Grégory Saint-Hilaire, yon etidyan ENS

211
0
Share:
TRiboLAND

10\03\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Eskadron lanmò Palè nasyonal la, USGPN e ki genyen alatèt yon kriminèl ke klamè piblik denonse, touye yon lòt fwa ankò yon kad ou yon etidyan Lekòl nòmal Siperyè (ENS) ou FDSE ki pote non Grégory St Hilaire anndan fakilte a, daprè kondisip li Jean Ronald Olyce ki te entèvni sou yon radyo nan kapital la nan moman evènman vanderdi aprè midi 2 oktòb la nanPòtoprens.

Jean Ronald akize polisye Unité de Sécurité Générale du Palais National (USGPN) kòm moun ki responsab yon parèy krim.

Ensidan rive vè 3 zè nan aprè midi nan moman plizyè dizèn etidyan ENS yo tap manifeste pou egzije aplikasyon ak respè protokòl akò ki te sinye an 2017 ant fakilte a ak ministè Edikasyon Nasyonal. Akò sa ki te garanti staj pou etidyan ki fini yo ak nominasyon yo nan sistèm edikasyon peyi a.

Malgre manèv lòt kòlèg yo pou te arive sove lavi Grégory; kouri pran li kote polisye gagoule yo tire sou li anndan espas enstitisyon an; ak nan eskonte plizyè lopital sou yon moso planch nan boske ti kal swen medikal, viktim nan mouri nan moman li ta pral antre nan baryè lopital Bernard Mevs, nan Site Militè.

Nan yon entèvansyon ke kanmarad Grégory yo fè maten jodi samdi 3 oktòb la sou yon Radyo Tele Karaib nan kapital la; yo bay chèf Leta peyi, Jovenel Moise kòm otè entèlektyèl krim nan ak konplisite minis edikasyon nasyonal la, Pierre Josué Agenor Cadet.

Paralèlman sapè ponpye te oblije ap fè bwas maten an pou arive etèn yon dife ki t’ap vale teren nan École Normale Supérieure (ENS) a.

Share:

Leave a reply