Nòdwès: Jovenel fè nouvo fo pwomès ankò, “m’ap ba’w graten, w’ap ban’m vote elektoral”

Pòdpè____(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise ap fè yon toune nan depatman Nòdwès la depi byen bonè maten vandredi 14 out 2020 an. Chèf Deta a ki deja vizite plizyè lokalite nan Ba Nòwès notamman Ba Moustik nan kad deklarasyon ditilite piblik plizyè milye ekta de tè pou projè ayewopò Nòdwès la ki gen yen plis pase 2 lane depi ke responsab yo te fè pwomès pandan yon evantyèl eksplorasyon teren nan Ba Nòdwès.
Jovenel Moise nan yon pwen de près ke li bay aprè midi a, li mande pou tout moun nan vil la mete tèt yo ansanm pou sove Nòdwès ki, selon sa li konnen, ki pat janm sòti nan sa li ye la. “Pa gen oken moun ki manifeste volonte vrèman pou fè yon bagay tout bon vre pou Nòdwès”, daprè chèf Deta a ki di li santi li reyèlman wont e anbarase pou sa l’ap gade nan vil Pòdpè. Li oblije mete tèt li atè!
Jovenel Moise avèk yon pèfòmans negatif nan Nòdwès, chwazi pa pran chans fè promès ankò, men ap trese lèl pou wè ki lòt fason pou li arive prepare espri popilasyon an pou yon evantyèl eleksyon. Konsa, pandan presidan an ap plenyen menm jan ak tout moun sou sitiyasyon Nòdwès la, popilasyon an ap naje non sèlman nan mizè men nan yon ekip fo promès prezidansyèl ke moun pa menm arive wè nan rèv.
Toune prezidansyèl sa ki tèt koupe ak yon lòt “te kowosòl pou fè moun dodo” yon fason pou bliye tout pwomès avan yo pat arive konvenk kèk jounalis ki pat pè ditou raple prezidan an yon seri fo promès elektoral ke li te fè nan Nòdwès, sitou sa ki gen pou wè avèk wharf la ak dlo Twarivyè kap gaspiye alòske moun ap mouri grangou nan Ba Nòwès pou manje.
Antouka, daprè Martine Moise, “se ti rès graten an nou pote pou Nòdwès”, yon zòn ke prezidan an pa sispan di ke li santi li wont de eta li. Ta sanble, se graten moun Nòdwès merite”. Anfen, toune Jovenel Moise ak tout Premyè Dàm nan pa lòt bagay sinon ke”vinn pran chans yo ankò avèk yon popilasyon yo panse ki bliye fasil e ki ka toujou kwè nan jwèt mèt dam pandan ke kondisyon povrete ekstrèm popilasyon sa pi mal pase tout lòt kote nan peyi a.
Jovenel pale yon pakèt bagay meli melo ki montre aklè se moun kap chèche woule moun nan farin pou yon lòt fwa ankò. Li promèt yon ayewopò entènasyonal, yon rezo elektrik pou Pòdpè ak ekstansyon alòske sa gen prèske 3 lane depi yon rezo elektrik chita nan vitrinn nan Bono ki nan yon pèpetyèl fènwa depi konbyen deseni.
Jovenel kontinye ap pase akote pou mande pou popilasyon an ede’l bay akolit li yo bourad nan prochèn eleksyon yo; se sèl fason sa li kapab ba yo garanti pou yo jwen wout Kafou Jòf Ansafolè a. Konsa, sa ki ridikil, li pa konnen si semènn sa minis TPTC a te deklare sou Radyo Tele Karaib ke BID ta sanble pa asèpte finanse projè wout la ankò paske Leta Ayisyen deja kòmanse’l pou kont yo! Kidonk, daprè minis la, pa gen kòb pou kontinye ak travay yo!
Antouka se reyèlman grav pou yon depatman ki bay prezidan, premyè dàm alòske menm prezidan sa a di se tèt li li oblije mete atè pou tèlman li pa ka gade eta vil Pòdpè.






