Nòdwès: DSNO resevwa 3 kamyon materyèl EPI pou konbat kovid-19 la

172
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè___(TRibOLAND) Nan yon konferans pou lapwès ki bay maten jodi Samdi 30 me 2020 an, Direktè Depatmantal Sanitè Nòdwès la, Dr. Tony Monestime te trè konfòtab ak transparan pou li te pèmèt tout moun wè ki kantite materyèl ke yo te resevwa bò kote Ministè Sante Piblik ak Popilasyon nan kad pou matrake kowonaviris ki deja ap bay lawouli nan divès kwen anndan peyi a.

Alatè Direksyon Santè Nòdwès (DSNO) la, te genyen avèk li administratè depatmantal la Jean Claude Gélin, famasyen depatmantal la Wilfrid Joseph, responsab lojistik Kenn Aluscat ak Jadotte ki se magazinye pou direksyon sanitè a. Yo tout te la nan COUD (Biwo Pwoteksyon Civil Depatman Nòdwès) pou te resevwa twa kamyon (EPI), materyèl ki inikman konsakre pou pwoteksyon pèsonèl sante yo ki se pwestatè kap bay swen yo.

Dr. Monestime ki swete wè ke pouvwa santral la fè antre plizyè lòt materyèl ki endispansab (tankou oksijènn…) pou akonpanye malad kovid-19 yo, pat an mezi pou te reponn klèman si yo genyen yon sant depistaj disponib nan depatman an pou kovid-19 la.

Konsa, materyèl pou ta asiste gran piblik la nan kontaminasyon ankonaviris tankou vantilasyon e latriye, ekipman sa yo poko rive jwenn responsab sante yo nan Nòdwès. Sepandan yon sous ke TRiboLAND ka fè konfyans evoke yon evantyèl dezangajman bò kote yon seri konpayi transpò ki refize pran wout Nòdwès la ki 80% enpwatikab.

Share:

Leave a reply