Senk moun mouri nan yon atak jiyadis nan yon otèl nan Somali, al-Shabaab revandike

206
0
Share:
TRiboLAND

Senk moun mouri pami yo twa sivil ke militan jiyadis krible anba bal nan yon otèl nan Mogadisio, kapital Somali jodi Mèkredi a.

Nan yon nòt depwès otorite anplas yo fè sòti: “Polisye bwav nou yo mete fen nan atak tèrè nan otèl SYL kote ke yo arive chape plis pase 80 moun” pami yo ofisyèl gouvènman ak moun ki te desann nan otèl la.

“Kantite moun ki mouri yo se senk, pami yo genyen 2 ofisye polis ak 3 sivil. Nèf lòt sivilyen e 2 lòt sòlda te blese lejèman.” Atak Madi-a swa-a, ke gwoup islamik al-Shabaab revandike, arive fèt nan yon otèl popilè ke anpil politisyen, ofisye lame ak diplomat nan Mogadisio.

Share:

Leave a reply