Nòdwès/politik: KOPNO denonse move sitiyasyon peyizan yo

PÒDPÈ__(TRiboLAND) Ansanm Kowalisyon Pati Politik nan Opozisyon ak Òganizasyon de baz yo nan Nòdwès (KOPNO), denonse move sitiyasyon mizè ak sèchrès peyizan yo nan Depatman Nòdwès ap fè fas.

Lapli pa tonbe depi 14 mwa; alòske popilasyon an pa konn ki sen pou-l rele. Prezidan Jovenel Moïse ki te pwomèt nou lajan nan pòch ak manje nan asyèt nou, préfère gaspiye tout richès peyi a nan fè lòbi pou pouvwa-l nan peyi lòtbò dlo. Peyi a pa gen pwoblèm P.M.
Kidonk, se demisyon Prezidan Jovenel Moïse ki gen non-l site
nan rapò Kousiperyèdèkont lan popilasyon ap tann tankou tè sèk ki bezwen lapli yon
fason pou-l ka mete kanpe yon 3 lane twanzisyon. Fòk peyi sa-a kote Prezidan,
palmantè ak minis fenn dechèpiye-a, degangsterize selon pòtpawòl Kowalisyon an,
Pierre Joseph.
Saint-Jean wiskis, TRiboLAND






