2 Gwo Potanta leta ayisyen jwenn entèdiksyon pou pa kite peyi Jan Jak Desalinn

177
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Se Jodi Mèkredi 24 Jwiyè 2019 ke Jij Enstwiksyon Me Chavannes Etienne kap fè bwas sou dosye masak Novanb 2018-la nan La Saline voye vit e pwese yon korespondans bay Direktè imigrasyon an Msye Joseph Ciancuilli pou li aktive entèdiksyon vwayaj kont Direktè jeneral minister enteryè, Fednel Monchéry ansanm ak delege depatmantal Lwouès-la, Joseph Pierre-Richard Duplan ki indekse nan kokenn chenn masak sila.


     Fednel Monchéry          Pierre-Richard Duplan
 

Antouka Jij Etienne reyitere desisyon-l lan lòske li pibliye idantifikasyon fiscal mesye sa yo ki ta sanble gen plizyè chef dakizasyon ki tonbe sou tèt yo tankou: asosyasyon malfektè, asasen, tantativ asasinay, bwile sann e pousyè, eskanmòtè, kasèt kay nan lanwit 12 pou rive 13 Novanm 2018 selon yon rapò DCPJ  ki ta solisite yon manda pote boure kont 2 msye sa yo ki danse kole ak pouvwa PHTK-a.

Jij Chavanne Etienne deklare pou msye yo pa kite peyi-a sou oken fòm, ni nan lèzè, ni sou dlo sale ak ni plat atè. Konsa, nimero idantifikasyon fiscal Fednel Monchéry se : 003-078-721-0  e makrèl li  Joseph Pierre-Richard Duplan ki se : 009-300-259-8.

Share:

Leave a reply