Pandan responsab lekòl yo ap egzije-w peye plis, fè yon bon chwa lekòl de kalite

160
0
Share:
TRiboLAND

(TRiboLAND)  Se pa sèl gwo kòmèsan kontrebandye ak boujwa peze souse sèlman ki pwofite de deriv ak gabji adminitrasyon ki genyen nan leta ayisyen an yon fason pou fè bè ak fòtinn e deliberaman egòje chak ouvèti lekòl paran avèk yon pwi eskolè tèt nèg ki imajinab.

Konsa, responsab swadizan enstitisyon sa yo ki deja pa menm reyini kondisyon adekwat an kalite “lekòl”, envante yon seri de vye sèvis san sans sou tèt pwi eskolè ki deja pete plafon. Se evidan, yo pwofite absans leta oubyen ki inoperan, men tou abize naivte ou bonte yon popilasyon parental ki sou-estime valè li ak wòl avangadis ke li te kapab jwe nan mete lòt nan dezòd pou yon edikasyon de kalite e responsab.

Si paran yo òganize yo an asosyasyon, tankou jan li fèt nan tout peyi, paran yo toujou konstitye yon fòs de pwesyon ki kapab fè ni leta ak ni enstitisyon akademik piblik e pwive konfòme yo e espwime yon sèten respè pou moun, sitou lòske yap fè jan de krim sa yo ki tèt koupe ak jan sistèm peze souse-a ap fini ak peyi-a.

Pandan anpil etablisman eskolè bidon ap pwofite egòje paran yo chak ane nan ogmantasyon pwi eskolè yo, pandan sèten nan yo pa menm dispose 10% kritè kalitatif ki petèt te ka fè yo sanble ak yon enstitisyon kap delivre yon sèvis. Pa pwan nou mal, genyen anpil lekòl ki fè efò pou amelyore kalite ou sèvis edikasyon an nan peyi-a; sepandan, genyen move zangi ki pa gen nil dwa antre nan edikasyon ki se tout yon zam ak aveni yon sosyete! Li mande yon apèl! Se yon kouch inosan ke wap pwepare pou ke sosyete-w la kontinye egziste demen; konsa, li dwe gen vokasyon ak gwo angajman pèsonèl ladan-l.

Me kèk eleman ke paran kapab envestige onbyen eksplore lòske wap fè chwa pou yon lekòl de kalite pou petit ou; e se yon seri sèvis oubyen faktè wap jwenn nan nenpòt lòt peyi kote moun ap aplike EDIKASYON, nou byen di, EDIKASYON:

  • Eske lekòl-la lisansye?
  • Eske lekòl-la fè pwèv de yon lidèchip responsab? Eske non lidè-a pa fè deja objè de yon seri de vye rimè ki kapab sal imaj moral dirijan eskolè sa? Eske li genyen kredibilite devan elèv yo ak lòt pwofesè yo? Eske se yon moun ke ou ka konfye ak pitit ou nan yon sal de klas a 2? Eske se yon moun ki reyisi deja nan yon seri de lòt biznis? Eske li ta sanble li kapab dirije lakay li tou? Eske se yon moun ke leta apwouve atravè yon sètifika de bònn vi e mès? Eske se yon dirijan ki dote de yon posti moral?
  • Eske vision lekòl-la koresponn avèk plan anyèl li ak akademik li?
  • Detèmine nan ki nivo lekòl-la valorize teknoloji? E a ki pwen etidyan yo gen aksè a teknoloji?
  • Chak konbyen fwa yo fè evalyasyon pou elèv ak pwofesè yo? E ki jan evalyasyon (semen, mansyèl oubyen trimèstriyèl)
  • Eske genyen yon seri seyans planifikasyon ant administrasyon lekòl-la ak pwofesè yo avan menm elèv yo retounen lekòl?
  • Eske genyen travay amenajman (netwayaj, aksesibilite, sekirite, strikti, espas e renovasyon) ki fèt nan lekòl-la chak fwa gen vakans dete?
  • Ki kredibilite pwofesè yo? Eske se yon moun ke ou ka konfye ak pitit ou nan yon sal de klas a 2? Eske se yon moun ke leta apwouve atravè yon sètifika de bònn vi e mès? Konbyen fwa genyen sik resiklaj pou pwofesè yo?
  • Pou ki sa lekòl-la ap chaje pou art avèk spò alòke menm jan ak matematik e lekti, sijè sa yo dwe fè pati entegrant kirikulum lekòl-la?
  • Nan ki nivo responsab lekòl-la arive kreye opòtinite pou elèv yo fè echanj kiltirèl ak yon lòt nasyon?
  • Ki lòt bagay lekòl-la kapab ofwi pitit ou si tou fwa li pa bon nan matematik, ni nan li  ak ni nan ekri?
  • Ki nivo pèfòmans akademik lekòl-la onivo standa nasyonal?
  • Ki nivo pèfòmans striktirèl lekòl onivo amenajman oubyen administratif?
  • Eske lekòl la genyen espas deyò ki ka pwan tout elèv yo si tou fwa ta genyen yon ijans?
  • Konbyen fwa pandan ane-a lekòl-la fè stimilasyon pou katastwòf natirèl tankou siklònn….?
  • Eske genyen espas rekreyatif, espas teknoloji, ak entènèt?
  • Mande kopi yon plan disiplinè lekòl-la.
  • Ki sa lekòl-la ofwi kòm diplis nan ede ti moun ki gen feblès akademik?
  • Konbyen elèv ki reyisi nan tout egzamen leta yo? Eske yo pibliye piblikman?
  • Eske responsab lekòl-la asèpte ouvwi pòt li pou evantyèl nouvo paran yo evalye anvironman, konfò, akseswa, ijyènn, espas klas yo oubyen ban yo, e sistèm sekirite lekòl-la?
  • Eske lekòl reponn avèk nòm ou regleman par-sismik yo?
Share:

Leave a reply