Kripto-milyonè McAfee jwenn arestasyon-l an Repiblik Dominikènn

154
0
Share:
TRiboLAND

Puerto Plata__ (TRiboLAND) Otorite Dominikènn pwosede ak arestasyon John David NcAfee ak tout madanm li ak kat lòt zanmi ki te anba gwo envestigasyon apwè ke responsab yo te jwenn  plizyè revòlvè kalbi nan yon yatch yo tap vwayaje.

McAfee, ki se yon kripto-milyonè Brit kompitè save ki trè konnu nan Etazini. Li se youn pami plizyè otorite gouvènman federal yo ap chèche tankou chyen fou pou evazyon tax ak menas male pandje pou fann govènman Etazini an miyèt moso.

McAfee ki te egzile-l nan Kiba, e ki se premye moun kit e kreye yon lojisyèl anti-viris e devlope yon skanè pou virus, jwenn arestasyon-l ayè Lindi-a sou yatch li ki rele “Gran Mistè” apwè ke gad marinn Dominiken yo te jwenn yon nich zam abò yatch-la ki te genyen madanm li ki se Elizabeth McAfee, yon Ameriken ki rele Richard Alan Gibson, yon Alman ki se Robert Whitfield, yon Ayisyen ki rele Vasner Louis ak yon Behemyen ki rele Oral Thompson.

Share:

Leave a reply