Etazini, Tekzas: Nan yon entèval 1 mwa Polis Fontalyè Etazini arete plis pase 1,000

DEL RIO, Texas__(TRiboLAND) Nan yon entèval yon mwa, ajans dwanye ak ajans pwoteksyon bòdè ki nan Sèktè Del Rio nan Texas nan peyi Etazini endike yo arive arete plis pase 1,000 sitwayen ayisyen.
Byen bonè nan kòmansman mwa Jwen an, nan yon entèval yon semènn nan menm peryòd-la te deja genyen 200 sitwayen ayisyen ke otorite Texas yo te gentan arete. Kidonk, yon konsta ki klè; tout otan tansyon ak deblosaj politik yo ap rapouswib an Ayiti, se tout otan tou gen yon ogmantasyon konsiderab nan volim imigran sou bòdè-a ane sa, dapwès fòs sekirite bòdè-a.
Nan yon kominike li fè soti Vandredi pase, Sèktè Del Riyo-a deklare “gen yon flo sitwayen ayisyen kap pote boure san gade dèyè pou antre nan peyi-a. Flo imigran sa prezante anpil defi pou nou, e nap kontinye fè tout sa nou ka fè pou pwan swen ekip fanmiy sa yo ak timoun piti yo”, selon Chèf Patwòl ajan, Raul L. Ortiz.
Avan 10 Jwen ki sot pase-la, Sèktè Del Rio te deja mete men sou 17 ayisyen; gen 100 ke yo te pwan 22 Jwen; e 200 nan 24 Jwen, dapwè otorite yo. Konpozisyon gwoup imigran sa trè patikilye, paske se yon kòlonn fanmiy ki gen lòt minè biyolojik ki gen nasyonalite yon twazyèm peyi, sitou nan Amerik Disi la. “Pweske nan 1,000 imigran ke nou arete yo, 800 nan yo se manm de yon kò famiy, ki genyen plis pase 230 timoun minè ki genyen nasyonalite yon twazyèm peyi, tankou Bwezil e Chili”.
Antouka, kantite moun Sèktè Del Rio apweyande jiska pwezan depi ane-a kòmanse, li moute jiska 40,000, yon chif ki plis ke double kantite ki te jwenn arestasyon yo ane pase. Selon responsab yo, plis pase 34,000 moun ke yo arete ane sa, genyen 80% nan yo ki soti nan pwèske 49 peyi san konte Meksik.






