Petyonvil chofe anba flanm barikad jodi-a alòske rakèt gaz la kòmanse okazyone divès moun ki mouri bwile tou vivan

Pòtopwens__(TriboLAND) Siyasyon sikilasyon tre difisil nan Petyonvil maten an. Plizyè zònn anba barikad kawoutchou anflame, patikilyèman zònn plas Sen Pyè ak tou pwè Otèl Oasis la. Nan mitan gwo tansyon sa, moun pa sispann ap chèche e leve bonè kanpe nan linn san jwenn yon ti flakon gaz a koz absans yon leta ki pa egziste.
Anpil moun estime ke gouvènman an nan konfyolo ak sèktè pwive-a ki yon fwa ankò fabwike ratman gaz la e deklare lagè a popilasyon an ki pakab soufwi ankò. Anplis, anstans ki konsène nan distribisyon gaz la ap pwepare pou mete yon diplis sou li nan jou kap vini yo. Anpil analis politik estime ke otorite yo ap jwe avèk dife pandan yap itilize gaz nan moman lekòl la pou kreye plis pètibasyon politik ak dràm atravè eksplozyon san pwesedan nan tout peyi-a.
Gouvènman boujwa kriminèl la deja okazyone divès dràm atravè peyi avèk moun ki mouri bwile nan chèche ti gout gaz nan gallon. Nou eskize nou pou delikatès videyo dramatic sa-a.





