Peyizan nan 6e seksyon Paulin Lacorne mande sekou

202
0
Share:

Triboland.com       01-24-2019

Peyizan 6e sektion Paulin Lacorne ki trouve li nan nan kominn Pòdpè ap mande sekou; peyizan nan zone sila mande direksyon depatmantal agrikilti nan Pòdpè pou vini pote yo sekou paske yap konfwonte anpil pwoblem nan moman yap prepare tè pou yo kapab plante. Dapre yo menm yap mande direksyon depatmantal agrikol nodwes la pou ba yo semans yon fason pou yo kapab plante tè yo malgre yo pa jwenn lapli pou fasilte yo boujonnen espwa.

Peyizan yo te pwofite okazyon an pou mande direction depatmantal la kèk pikwa, oubyen manchèt paske bagay sa yo telman moute sou mache a se nan kole pyese pou yo jwenn lajan achte yo. Dapre deklarasyon kek nan yo te fè nan mikro Jounalis Triboland; yo fè konnen yo poko janm wè prezans yonn nan reprezantan direction agrikilti  nodwès la pou mande yo kisa yo konn plante.

Ki donk, nap souliye menm ONG yo poko janm fè yon vizit menm pou ta evalye ki posiblite afè ki genyen nan yon tèl  zonn ki gen anpil potensyèl nan lay ak echalot. Anplus de sa, li bay anpil patat ak mayi. Peyizan sa yo mande pou leta vini pote yo lebra.


San nou pa ekate gwo pwoblem ki egziste nan zone sila ki se problem sante a kote gen 2 kay ki deja konstwi pou sant sante ki malerezman se rat ak sourit kap  nan yo; leta poko janm di anyen aloske populasyon an ap viv nan malsite

 Jehrbson PETIT /Triboland 

Share:

Leave a reply