Edikasyon : Fondasyon TRiboLAND lanse premye seminè fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik, nan komin Ansafolè.

04-07-2023
Ansafolè, Ayiti___(TRiboLAND) Nan objektif pou ede jenn fanm ak jenn gason nan peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND òganize plizyè seminè fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik pou jèn ki pi vilnerab yo. Konsa, yo kapab genyen op`otinite pou devlope konpetans abilite ki kapab fasilite yo fè fas ak chète lavi a.

Fòmasyon Fondasyon TRiboLAND nan Ansafolè a, ap dewoule sòti 15 pou rive 16 avril 2023 a, nan lekòl Nasyonal Kasik Anri. Plis pase 80 jèn deja enskri pou patisipe nan yon parèy sòlòkòtò aprantisaj sou direksyon Mesye Richard Etienne kòm fòmatè. Jèn fanm ak jèn gason yo pral aprann fè : likid, mistolin, pafen, savon, vinèg, faboulozo, krèm e latriye.
Jèn yo ap benefisye fòmasyon sila san yo pap peye yon goud nasyonal, gras ak sipò Fondasyon TRiboLAND nan kad batay kont delenkans jivenil ak ede jèn yo gen yon zouti nan men yo pou fè lajan pou evite tout deriv nan lavi nasyonal la.
Fòmasyon sa a rive posib gras ak konkou kòdinasyon rejyonal TRiboLAND Ansafolè, ki genyen Mèt Victor Jean-Herard nan tèt li, san konte diferan lòt manm kòdinasyon nan Senlwi ak Pòdpè. li jwenn egalman mwayen finansman Fondasyon TRiboLAND ak konkou Eddy Janvier, yon supòtè enpekab ki pa manke bay mouvman sosyàl TRiboLAND lan jarèt.
Pierriien Nicol Colly






