Jean Pierre Thelusma, kodonatè rezo plantè nan Grandans (ROPAGA) plede anfavè asirans sosyal pou moun kap plante latè.

888

04-15-2023

Grandans, Ayiti___(TRiboLAND) Parapò ak risk ki genyen pou peyizan kap travay latèe ki pedi rekòt yo akoz lapli ki pa tonbe anviwon 8 mwa nan depatman Grandans lan, peyizan plantè yo ap konkou pou yo naje pou yo kapab sòti nan lanmè kaliko a. Ansanm peyizan kiltivatè sa yo ki pwete lajan nan bank kredi agrikol (BKA) yo ak nan lòt koperativ agrikol komèsyal, pa anmezi pou arive peye enterè, ni manman lajan an akoz tout jaden yo ki disparèt nan flanm solèy pou ane 2023 a.

Kom revandikasyon kiltivatè (ROPAGA ), Jean Pierre Thelusma plede anfavè yon bon jan asirans sosyàl pou moun kap travay latè yo nan Grandans.

Pou mesye Jean Pierre Thelusma, fòk kiltivatè yo jwenn yon akonpayeman ou yon apezman ekonomik, swen sante lè yo vinn granmoun, bonjan regilasyon akonpayeman pou granmoun kiltivatè yo. Kòdonatè Jean Pierre Thelusma mande patnè entènasyonal yo ak leta peyi a aji vit pou rann posib pwogram asirans pou moun kap travay latè yo nan Grandans.

Comments are closed.