Ministè Enteryè mande tout komin pou yo rann fonksyonèl tout Konsèy Sekirite yo

1,513

09/25/2021

Pòtopwens________(TRiboLAND) Dezòmè tout konsèy ki reyini majistra pwensipal, komisè polis minisipal, vis-delege, jij depè, yon reselè pou sosyete sivil ak yon gwo kàd ki nan komin komisè gouvènman an, dwe reyini apati demen lendi 27 septanm 2021 an 2 fwà chak mwà e petèt pi souvan jan sa egzije, selon Liszt Quitel ki se minis jistis ak sekirite piblik la.

Konsa, konsèy yo anba egzijans pou soumèt rapò reyinyon sa yo bay ministè enteryè ak kolektivite tèritoryàl yo ak ministè jistis ak sekirite piblik selon egzijans atik 118 dekrè pwemye fevwiye 2006 la ki chita sou kàd jeneral desantralizasyon ak pwensip òganizasyon fonksyon kolektivite teritoryàl yo.

Comments are closed.