Direktè BESAP la nan Komin Leyogan rann orite yo nan vil Tigwav yon vizit

06 – 12 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè Brigade Surveillance des Airs Protégés (BSAP) Leyogan, Alophène Jean Michel nan tèt yon delegasyon akonpaye plizyè ajan BSAP, vizite komin Tigwav jodi mèkredi 12 jen 2024 la, ozanviowon 2 zè konsa.
Selon responsab BSAP la, Alophène Jean Michel, vizit sa a, reyalize, se nan kad pou gade evolisyon enstitisyon BSAP la nan Tigwav epi rekipere yon seri mayo BSAP ki an sikilasyon.
Alatèt BSAP la nan Leyogan, Alophène Jean Michel, di li rapòte komisè gouvènman, komisè polis la ak popilasyon an, wo komandman an, pou pa rekonèt direktè Edny Vergin ni ajan yo. Kidonk, menm mayo ki genyen mak BSAP kap sikile atravè vil la, pa dwe genyen rekonesans.
Yo genyen entèdiksyon tou pou yo pa sikile ak zam nan non enstitisyon an; sepandan, mesye Jean Michel rekonèt tou, ke mesye Edny Vergin genyen yon lèt nan men li ki endike ke lap genyen pou plase nan Direksyon BSAP la nan Tigwav, men li poko enstale nan pòs sa.






