Fèt patwonal Notre-Dame Asanpsyon, yon fet ki selebwe nan fwatènite nan Komin Wanament

1,025

08-15-2023

Wanament, Ayiti___(TRiboLAND) Fèt patwonal Notre-Dame Asanpsyon nan kapital ekonomik depatman Nòdès la Wanament, selebre jounen madi 15 dawout 2023 a, an prezans otorite lokal yo ak diferan enstans nan sosyete sivil la.

Reveran Monseyè Kenel Alphonse nan omeli sikonstans lan, pwofite di moun Wanament ke “jodia a se fèt Notre-Dame, fòk tout pitit komin nan mete tèt ansanm jan sa fèt nan plizyè lòt komin pou Wanament rete yon komin referans”.

Reveran pastè Dyozèz Fòlibète a, mande pèp la pou yo kapab pran Notre-Dame kòm egzanp nan lavi yo. Lè gen yon pwoblèm se ansanm pou n rezoud li. Kesyon chak koukouy klere pou je’w la, pap bay oken rezilta. Pa kanpe gade pou n kite bagay yo dejenere, men aji toujou nan serenite.

Nap raple divès, aktivite te rive reyalize nan okazyon fèt Notre-Dame ki te kòmanse soti depi premye dawout jis rive sware 15 dawout 2023 a.

Comments are closed.