Mèt Joseph Mécène Jean-Louis mouri a 77 an, yon gwo non nan sistèm jidisyè ayisyen an ale

10/07/2026
Ayiti ______(TRiboLAND) Mèt Joseph Mécène Jean-Louis, ansyen jij Kou Kasasyon Repiblik la, mouri nan lannwit 6 pou rive 7 oktòb 2026 la, nan laj 77 an. Se youn nan pitit gason li yo, Rommel Jean-Louis, ki anonse nouvèl lanmò a sou paj Facebook li. Mèt Jean-Louis, ki se te moun Labonit, te pase plizyè dizèn ane nan sistèm jidisyè a, kote li te sèvi kòm majistra epi kontribye nan ansèyman dwa.
Non Joseph Mécène Jean-Louis te pran yon lòt dimansyon nan kriz politik peyi a an 2021, lè yon pati nan opozisyon an te chwazi l kòm prezidan pwovizwa nan kad batay politik SDP ak André Michel t ap mennen kont ansyen prezidan Jovenel Moïse. Epizòd sa a te lakòz anpil polemik nan peyi a, ak ridikileze Mèt la, Malgre kontwovès sa yo, wòl li nan domèn jidisyè a, ak kontribisyon li nan fòmasyon jiris yo rete pami aspè enpòtan nan pakou li.
Avèk lanmò Mèt Joseph Mécène Jean-Louis, sistèm jidisyè ayisyen an pèdi yon pèsonalite ki te pase plizyè ane ap sèvi nan domèn dwa ak lajistis. Lanmò li deja pwovoke reyaksyon nan mitan moun ki te konnen l ak moun ki te suiv pakou li.






