Zakari anba tansyon : yon rankont amikal pou rektifye yon dosye tè vire an zak vyolans devan Jij Odieu.

351
0
Share:
TRiboLAND

02/20/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon demach pou lapè ki vire nan gwo katchouboumbe. Jounen jedi 19 fevriye 2026 lan, Koeman Kalim te ale sou 9 kawo tè li nan Zakari, zòn Mòn Kayo sou Pòdpe ansanm ak Jij Odieu pou finalize yon antant ak kèk vwazen sou kesyon limit tè. Rankont lan te fèt apre yon antant ki te deja jwenn nan tribinal Pòdpe a, nan kare Jij Odieu pou rezoud dosye a alamyab.

Tè a te apante depi tan granparan Koeman, epi li te fè rafrechisman lizyè an 2021 san opozisyon. Men nan fen 2025, kèk vwazen te akize l dèske li ta anpyete sou 2 kawo tè pa yo. Devan jij la, yo te rive sou yon antant kote Koeman te montre li dispoze fè konsesyon pou lapè rete nan fanmi ak vwazinaj la. Sa vle di yo te dakò sou demand lan, sou 9 kawo tè a pou li rete ak 7 epi ba yo 2 a.

Malgre tout pati yo te deja avèti epi dakò depi madi 17 pou rankont lan fèt jodi jedi a, sitiyasyon an pran yon lòt direksyon lè anviwon 200 moun ame ak baton, kouto ak koulin anvayi espas la bwitsoukou epi kòmanse maltrete Koeman Kalim. Yo te atake Koeman nan prezans jij la ak ajan sekirite li yo. Se gras ak entèvansyon yon sitwayen li te sove anba lanmò.

Lapolis deja arete youn nan sispèk yo, Ronald Ensikoni, pandan ankèt l ap kontinye pou jwenn lòt moun ki enplike. Ka sa a soulve kesyon sou respè pou lajistis ak nesesite pou privilejye dyalòg olye vyolans nan rezolisyon konfli tè nan kominote yo.

Share:

Leave a reply