James Setoute mouri nan yon aksidan sikilasyon nan vil Okay.

70
0
Share:
TRiboLAND

08 – 02 – 2026

Okay, Ayiti ____ (TRiboLAND) James Setoute tout moun konnen sou non “Koupe”, pèdi lavi li nan yon aksidan sikilasyon touprè Ayewopò Entènasyonal Kap Ayisyen an, nan vil Okay jodi dimanch 02 dawout 2026 lan.

James Setoute se yon anplwaye sivil lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) ki detache nan komisarya Tigwav la. Selon premyè enfòmasyon yo, James t’ap kondwi yon motosiklèt nan moman an epi li al rantre nan yon kolizyon ak yon lòt motosiklèt.

Nap siyale, chofè lòt moto a, te mouri sou plas, alòske yo te transpòte James Setoute di “Koupe” an ijans nan lopital, malerezman li ran’n dènye soupi li malgre dilijans teknisyen medikal yo.

Ke nanm “Koupe” repose nan lapè; e ke lanmò li sèvi egzanp pou tout chofè moto kap fè eksè nan pa respekte regleman sikilasyon yo.

Share:

Leave a reply