5 moun ki mouri nan yon sèl kay nan Sen Lwi Dinò yo ta sanble viktim anba diyoksid kabòn

262
0
Share:
TRiboLAND

03/01/2022

Nan sa ki rivé nan vil Sen Lwi Dinò a, kote 5 moun ta mouri andedan yon kay nan zòn Tit Rivyè. Men youn nan probabilite koz lanmò yo.

Si se vré yo ta gen yon ti jeneratris ki tap mache anndan kay la, swa pandan yo tap domi ou byen avan yo tap dòmi, kote te genyen diyoksid kabòn ki te konsantre anndan kay la, la fimen ti jeneratris la, ke yo rele tou gaz kabonik, li se yon konpoze inòganik ak fòmil chimik li “CO2”; konsa, sa vle di moun yo te anvayi anba pwazon. Li se tou 2e gaz a efè dsèr. Li konpozé de yon atom de kabòn ak 2 atom oksijèn, diyoksid kabon (CO2) a se yon molékil lineyè.

Nan ka sa a, me sikonstans ki ka koz moun yo mouri a, se paske nan diyoksid kabòn lan ou jwen monoksid kabòn, se ta li ki anpwazonnen moun yo paske sa rive aprè ké yo inale (vale / enspire) gaz la ki se la fimen ki soti nan ti jeneratris la ki gen ladan l monoksid kabòn la. Kòm yo pa jwenn ase oksijen pou yo respire nan moman yo tap dòmi, sa lakoz yo mouri toufe.

Alò monoksid kabòn lan ki gen fòmil chimik li (CO) se yon pwodwi konbistib an matyè òganik anba kondisyon nan ekipman pou oksijèn ki part ensifizan, sa ta vle di, moun yo pat jwenn ase oksijen nan kò yo pou yo ta respire, e ki anpeche oksidasyon ki pa konplè nan kabòn (CO2) an.

Pou moun ki te etidye chimi lekòl sonjé ke fomil chimik monoksid kabòn se “CO” e fòmil chimik diyoksid kabon se CO2. Antouka evite dòmi ak jeneratris kap mache anndan kay nou, si non se promosyon nap fè pou lanmò !

Lòt posibilite pou ta detekté koz lanmò yo, se ta fè otopsi yo pou detèmine posiblite lòt pwazon si tout fwa yo ta konsome yon prodwi ou yon pwazon mòtèl.

Arne

Share:

Leave a reply