Komin Pestèl plonje nan jou sa yo nan yon seri krim ki bay kè kase.

877

08 – 27- 2023

Pestèl, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon enfomasyon bò kote Gerald Guillaume, kòdonatè depatmantal inityativ kont trèt ak trafik timoun (IDETTE), fè konen nan mwens ke 2 mwa, popilasyon an nan komin Pestèl leve jwenn 3 kadav, pami yo yon fanm.

Kriminèl ki komèt krim sila yo, mete dife sou kadav viktim yo, yon fason pou pèsòn moun pa arive idantifye kadav yo.

Fas ak vag ekzekisyon sa yo, abitan yo nan Komin Pestèl, mande lapolis nan Pestèl, pou pran responsablite’l e redouble vijilans; sitou sa ki genyen pou wè avèk kontwòle moun kap rantre ak sòti depatman Grandans lan, patikilyèman anndan komin Pestèl, ki pandan jou sa yo ap viv anpil krim.

Comments are closed.