Gwo aksidan sou wout Obòy: yon moun mouri nan zòn Kakawo

58
0
Share:
TRiboLAND

08/23/2026

Obòy, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo aksidan sikilasyon fèt jodi samdi 22 dawout 2026 la, nan zòn Kakawo, sou wout Obòy, kote yon machin antre nan lakou yon kay. Premye enfòmasyon yo fè konnen aksidan an lakòz moun moun pèdi lavi yo pandan 2 lòt lopital.

Daprè enfòmasyon ki disponib, aksidan an fèt nan Kakawo, yon zòn ki sitiye aprè machin lan fin desann mòn nan pou ale nan direksyon Chan Wozo. Machin nan, pou rezon ki poko klè, sòti nan wout la epi li antre dirèkteman nan yon lakou. Pami viktim yo, gen yon manman ak pitit li ki lopital, ak yon fanm ansent anviwon 8 mwa, ki mouri nan trajedi a.

Aksidan sa a mete yon lòt fwa ankò sou tab la pwoblèm sekirite sou wout Obòy la, kote popilasyon an deja ap fè fas ak divès risk pandan l ap deplase sou aks wout sa a.

Plis enfòmasyon kapab disponib nan kèk èdtan, pandan otorite yo ak lòt moun ki sou plas ap chèche konnen plis detay sou sikonstans trajedi a.

Share:

Leave a reply